Malfini-Byenfini - Premye Klasik Krey�l

Malfini-Byenfini - Premye Klasik Krey�l

by Bob Lapierre
Malfini-Byenfini - Premye Klasik Krey�l

Malfini-Byenfini - Premye Klasik Krey�l

by Bob Lapierre

Hardcover(Reviewed with addition)

$44.36 
  • SHIP THIS ITEM
    Qualifies for Free Shipping
  • PICK UP IN STORE
    Check Availability at Nearby Stores

Related collections and offers


Overview

Malfini-Byenfini sou katriyèm edisyon li. Se yon sati Kreyòl Klasik ki fèt pou li tankou yon woman.
Tout edisyon yo parèt, se sou sijesyon lektè yo, paske anndan liv la genyen tout yon istwa ki rakonte. Se sa ki lakòz moun ki te gen chans li edisyon anvan yo te deklare, « Malfini se yon klasik Kreyòl ayisyen. »
Liv la ekri ak tèt poze. Se pa yon istwa pou li konsa konsa. Menm sou fòm liv la ekri a, tankou yon liv pwezi, gen yon rezon pou sa tou. Se yon fiksyon kreyòl. Ou genyen pou wè, lè w fin li premye paj la, dezyèm paj la, se tankou oumenm tou, ou pouse zèl menm jan avèk Malfini, epi w ap vole nan syèl Ayiti.
Wi, se an kreyòl li ekri, nan lang manman w, e se pa san rezon si w wè dlo ap koule nan je Malfini ki sou po liv la.

Product Details

ISBN-13: 9798765519394
Publisher: Barnes & Noble Press
Publication date: 01/23/2022
Edition description: Reviewed with addition
Pages: 378
Product dimensions: 8.50(w) x 11.00(h) x 1.19(d)
Language: French

About the Author

André Lapierre Pardo (aka Bob Lapierre) se yon Tèspyen ak oté plizye liv fiksyon: Drama, Kont, Istwa, Lejann, Fòlklò ak Mitoloji. Plis pase tout lòt bagay, li vle prezève ak konsève tout sa ki fè pati eritaj kiltirèl ayisyen. Eksperyans li se nan kreyasyon ak nan prezantasyon teyatral premye klas ak fowòm kiltirèl an jeneral. Nan domenn teyat la, anplis de eksperyans li, li kolekte tout diplòm yo, AA, BA, MA, ak jiska Ph.D. Pi gwo rèv Bob se pou li te vin minis Kilti nan peyi kote li te fèt la; malerèzman, politik ak enkonpetans te detwi vizyon li.
Li se yon Pwofesè. Li ekri liv pou anseye, pataje kilti ak istwa. Li prezeve sa ki neglije ak rejte pa ignorans dinamik. Li ekri liv timoun tou ki gen ladan istwa ki pi popilè pou timoun an Ayiti tankou TEZEN yon klasik etènèl ak yon koleksyon liv timoun tankou "Bouki ak Malis" e ankò plis.
The Ayitian Theater
Reclaiming Choukoun
Bonhomme Coachi: Faustin 1er
Senekè; Endepandans 1804-2004;
Savannah or Chasseurs Volontaires de Saint- Domingue - 1779.
Duvalier Toutouni / Duvalier Tout Nu
ak anpil lòt 'closet-plays' tankou Ebony : The Black Rose, a tale of Antwan Lan Gomye,
Comparative Linguistics (The birth of Creole), epi kounye a: MALFINI-BYENFINI!
From the B&N Reads Blog

Customer Reviews