Ak kisa yon toubiyon sanble? Ki bwi li fè? Kisa ki lakoz yon toubiyon? Kisa ou dwe fè si ou nan mitan yon toubiyon? Van Elefan (Gayan pri Mom's Choice) pa Heather L Beal se yon liv pou timoun ki gen tout repons. Liv sa vrèman enteresan ak divètisan paske Madam Mandy kòmanse eksplore fenemèn toubiyon an nan pwofondè. Sak bèl la se fason Madam Mandy dekri fòm ak son toubiyon an. Teknik lan se te pou bay timoun yo yon imaj pi vivan de yon toubiyon pandan l'ap konpare l' ak twonp yon elefan ki desann sot nan syèl la. Mwen te wè ke se te yon pi bon ilistrasyon. Madam Mandy te tou bay timoun yo konsèy sekirite tou nan ka toubiyon. Se yon liv enteresan ke nenpòt timoun kapab li pou kont li oswa pou pataje avèk lòt. Pèsòn pa ka prepare totalman, men liv sa reponn ak anpil kesyon ke pitit ou a ap mande sou mèvèy toubiyon. Bon lèkti!
- Vernita Naylor for Readers' Favorite (5 Star Review)
Prepare w' pou Van Elefnt pote w' ale. Liv rekonfòtan sa ranpli ak ilistrasyon chaman ak mesaj enpòtan. Otè a, Heather Beal, montre granmoun yo kòman yo ka sansibilize jèn timoun yo sou danje nan yon fason ki amizan epi ki pa fè pè. Li souliye tou kapasite ke timoun yo genyen pou aprann ak kontribye nan pwòp retablisman yo ak retablisman kominote a antye ke yo neglije.
- Lori Peek, University of Colorado and Co-Author of Children of Katrina
"Van Elefan" se yon istwa pou timoun ki ilistre nan fason kreyativ pou montre timoun (nan laj twa a ywit an) sa yo dwe frè lè gen yon toubiyon. Yon aspè enpòtan nan "Van Elefan" sèke li prezante enfòmasyon an nan yon fòma amizan, kolore, ki pa menasan ki atraktif ak angaje pou timoun. Yon klas matènèl ki gen ti animal, tankou Lily and Niko Rabbit, rive avèk pwofesè yo ibou, Madam Mandy pou asiste yon fwa syantifik. Yon alèt sirèn deklanche epi yo mande timoun yo swiv Madam Mandy nan yon abri anti-toubiyon. Sou wout abri a, Madam Mandy eksplike dousman ak kisa yon toubiyon sanble: Yon gwo nwaj van fò ki gen fòm yon antonwa. Lè jèn ti animal yo poko konprann, li eksplike ke fòm toubiyon an sanble ak twonp yon elefan ki desann sot nan syèl la vin sou tè a. Lòt eksplikasyon ak deskripsyon bwi toubiyon an vini apre, epi Madam Mandy eksplike enpòtans pou ale nan yon kote ki an sekirite, tankou yon sou-sòl, lè yo tande alèt toubiyon an. Pou ede timoun yo sonje konsiy yo lè gen toubiyon, Madam Mandy chante yon chanson pou yo: "Van elefan rive, Ale nan sou-sòl la oswa anba tè a. Kouvri tèt nou epi anvan nou konnen, Sa pral kalme epi nou ka ale." Byento direktè lekòl la (yon lou) parèt pou di timoun yo ke toubiyon an ale. Byenke pèsòn pat blese, kay yon vwazen te andomaje. Ti animal yo te kòmanse panse sou fason yo ka ede vwazen ke kay yo te andomanje a pou yo santi yo mye, pandan y'ap prepare bonbon ak kat pou di yo kijan yo sousye de yo. "Van Elefan" fini ak kesyon ak aktivite ki gen rapò ak toubiyon pa Lily ak Niko Rabbit. "Van Elefan" se yon trè bon manyèl enstriksyon pou jèn timoun sou pwosedi sekirite pou swiv lè gen toubiyon, ki anseye nan fason klè ki pa menasan.
- The Midwest Book Review